Sèvis Marasa

 

Sèvis Marasa se yon sêvis Chan Chovi mete kanpe nan objektif pou ede Manb yo ak Moun kap syiv nou nan Kèk Domèn mistik.

Sèvis Marasa genyen ladanl 4 Sèvis :

  1. Sèvis Nesans: Sèvis sa li la pou Moun ki pral fete Anivèsè yo,

pou Kapte bon Enèji nan jou sa e selebre ak Espri li yo.

  1. Sèvis Gradyasyon : Se yon Sèvis pou Moun kap Gradye nan yon Profesyon,

Sèvis lan ap pèmèt ou kapte gradye ak bon Enèji e konekte profesyon ou an

ak kosmik lan swa pou jwenn proteksyon ou Ouvèti.

  1. Sèvis Maryaj : Se yon sèvis ki pèmèt ou amonize Espri,

Nanm ak Kò moun sa yo nan kosmik lan pou bon proteksyon,

konfyans e dirabilite nan mitan moun sa yo.

  1. Sèvis Tchovi : Sèvis sa pèmèt ak yon Fanm ki ansent deja jwenn

kòman lè Tchovi sa fèt kijan pou li konektel e protejel nan Nati an.

 

Sèvis Marasa yo pa peye, Manb ki nan Sèvis sa dwe nou bon jan esplikasyon ak metòd pou nou reyalize Rityèl yo kap pèmèt koneksyon yo, si an ka ou ta vle OJEDESO konekte Rityèl yo pandan wap fè yo, donk lè sa wap oblije peye yon frè.

 

Nimero pou kontakte Sèvis Ijans lan se nan nimero OJEDESO kap mete ou an kontak avèk Responsab yo ki se +50936089452.

 

Nago Naya Kowòdonatè Jeneral OJEDESO.

Marie Marcelle Pierre Louis Direktris Sèvis Marasa.