Description
Depi mwen tout piti mwen te konnen m ap fini pa yon ekriven, yon powèt
paske mwen te toujou renmen literati.
Pandan m ap grandi tout lè m lekòl mwen te toujou ap ekri. Lè m vin yon
monm Espirityèl mwen pral konprann mwen te toujou yon ekriven nan tan
pase m. Espirityalite pèmèt ou konn kiyès ou ye, li pèmèt ou konekte ak
memwa kosmik lan. Nanm ou pa janm bliye anyen.
Mwen ekri « REKÈY PWEZI » sa, mwen rele li « PYE M KASE » kisa tit sa
vle di pou mwen e kijan ou menm k ap li rekèy lan dwe konprann li ?
Lè w di “PYE M KASE” ou pale de VYE VYE LEGBA, se yon Rekèy pou
onore Vye vye Legba onore Zansèt yo.
Rekèy sa gen 12 powèm ladan li, 12 ki se 1+2 ki egal 3, 3 se nonb Legba.
Chak powèm yo se yon pati nan mwen nan jan m konprann peyi m, konprann
lanati, konprann lavi m.
Rekèy sa pa ekri ak pil retorik pou fè bèl imaj powetik men chak powèm ekri
an poz ak mo senp tout moun ka konprann.
Byen vini nan mond pwezi m !!!
Bossal Osly





Avis
Il n’y a pas encore d’avis.