Pi wouye pi koupe

OJEDESO

Nous se yon Òganizasyon Sosyal, Edikativ e Kiltirèl, objektif prensipal Òganizasyon sa a se retounen mod de vi Pèp Ayisyen an te genyen depi sou tan Atlantid. Se pou sa nou entegre li nan plizyè Chan de travay, tankou Edikasyon, apati de yon mouvman ki rele TRA ki vle di Tchovi yo se Richès Ayiti, nou deja voye plis ke 700 Timoun ale lekòl nan 10 depatman nan Peyi a, e rive fè plizyè fòmasyon pou yo kapab itil tèt yo

BOUTIK MISTIK ERZULIA TERCILINE

Vin dekouvri boutik mistik kote tradisyon Ayisyen vivan!

Nan Erzulia Terciline, n ap tann ou ak:

🌺 Losyon Erzulia Espesyal – Kolòny mistik ki netwaye move enèji, ouvri chans, pwoteje kont move je. Se pa jis yon pafen, se yon zouti espirityèl.

🍃 Fèy Gerizon Sakre – Korosòl, Twa Pawòl, Pwa Kongo… Tout fèy tradisyonèl ou bezwen pou ben mistik, pwoteksyon kay, ak gerizon natirèl. Dirèk soti Ayiti, seche anba solèy.

✨ 100% Otantik – Pa gen imitasyon! Chak pwodwi prepare ak priyè selon tradisyon zansèt nou yo.

Objektif nou se

Edikasyon spirityèl

Nou entegre li nan fòmasyon spirityèl pèp Ayisyen an, kote nou rive mete lekòl spirityèl vodou nan prèske 10 depatman peyi an e pou frè ak sè nou yo ki aletranje, nou mete lekòl sou telegram e sou sit entènèt la.

èd mistik

Nou ede moun ki gen problèm mistik, e nou deja ede plis ke 1000 Ayisyen nan solisyon mistik yo e rive pile on santèn Bitasyon nan Peyi a, sof ke nou pa fè travay pou touye moun, mare moun, tire lotri, an gwo tout sa ki pa fè pati Ginen an.