OJEDESO ki se Òganizasyon Jèn pou Devlopman Sosyal

Edikasyon e Kiltirèl la pou fòme Pèp la, nou deja ekziste nan Plizyê depatman Nan Peyi an, e genyen Kowòdinasyon depatmantal nan 4 depatman ki se Lwès, Nò, Nòdès e Latibonit.

Objektif nou se bati yon Ayiti ki soutni ak devlope pa kapasite pwòp li yo. Nou ankouraje solidarite, respè pou tradisyon, ak devlopman sosyal ki reflekte eritaj rich ak inik Ayiti a. Nan fè sa, nou vize elimine depandans sou enstitisyon ki pa pataje valè nou yo, pandan nou ranfòse tèt nou tankou yon nasyon fyè ak otonòm. 

Fason travay nou baze sou kolaborasyon ant kominote yo, edikasyon, ak kreye resous ki benefisye tout moun. Mouvman sa a chache enspire nouvo jenerasyon Ayisyen yo pou yo angaje yo nan bati yon sosyete kote tout moun gen yon opòtinite pou grandi epi kontribye.

Nou tout kote nan kat kwen peyi Ayiti

Komansman

Depi nan ane 2019 apati de mouvman Spirityèl la rive òganize plizyè seremoni mistik nan Peyi an, tankou Bwa Kayiman, Pikole, Basen Balendjo, So Born ak plizyè lòt Sous Felisite e Fò ki genyen nan Vil Desalin e nan Gròt Jan Zenga.

Nou tout kote

Tòbèk,Twou Zonbi e Fò Nikola Jefra nan chantal,. Basen Zim nan Ench. Tanp Danwezo nan Jan Rabè, Fò Mòpal, Grann Dede, Lavil Okan, Mondikris, basen twa jènjan nan Nòdwès, Basen Ble nan Jakmèl, So Mètrès Èzili

Vil pwovens yo

Nan Belans e Fò Oge, So Mètrès Agawou, Gròt Mètrès Agawou e st gregoire nan Fondènèg, Pestèl, plas Goman nan Grandans, Basen Klèmizin nan Kapotiy, Tanp Èzili Dantò, Rivyè Masak nan Nòdès, kay Grann Giton, kay Anacaona

Fò Jak, Tanp Atlant nan depatman Lwès, Lakou Souvnans, Soukri, Badjo nan, Rivyè Aloumandya, Tanp Lasirèn nan Latibonit, plis ke 40 Simetyè anndan tout Peyi a.

Se yon Òganizasyon apolitik

Nou endepandan

Nou pa asosye ak sektè prive ki an Ayiti yo, ni pouvwa, ni relijyon, ni oganizasyon sosyal blan yo. Mouvman sa a reprezante yon angajman solid nan direksyon yon Ayiti ki pou Ayisyen, pa Ayisyen, epi ak Ayisyen.

Kiyès Kowòdonatè Jeneral la e Fondatè mouvman sa ye

Kowòdonatè an rele Nago Naya li soti nan depatman Nòdwès men li gen rasin li nan Gran Sid Peyi d Ayiti, an tèm de profesyon Nago Naya se Ing Sivil, li son eksperimante nan domèn jounalis depi ak laj 15 an, pase nan plis ke 5 radyo e televiziyon nan Peyi an, Nago Naya se yon Òm Spirityèl, Nago Naya te fè 2 an eksperyans ak klas politik sa ke li konsidere kòm echèk aprè eksperyans Li ak sansi sa yo.

Nou envite tout Ayisyen ki pataje vizyon sa a pou yo rantre nan mouvman an, paske ansanm, nou ka kreye yon lavni ki respekte rasin nou, istwa nou, ak espwa nou pou yon Ayiti miyò.